DDN, se yon eksperyans ou pa ka rakonte, ou dwe viv li!
Chak 31 décembre, Saint-Marc vin tounen yon gwo espas fèt, kote mizik, dans, enèji ak bon anbyans reyini pou fè dènye nuit ane a vin yon moman espesyal.
DDN se kote moun soti pou yo lage tout strès yo, retrouve zanmi, danse, chante, selebre epi pwofite chak segonn. Depi premye son mizik la kòmanse, anbyans lan pran tout plas li. DJ yo mete dife nan foul la, son an fè vibrasyon, limyè yo bay sèn nan yon lòt dimansyon, epi chak moun jwenn okazyon pou yo viv moman pa yo.
Se yon nuit kote lajwa pa gen limit, kote tout moun reyini ak menm objektif la, pase yon bon moman epi antre nan nouvo ane a ak anpil enèji.
Apre plis pase 2 000 moun te patisipe nan dènye édition an, DDN ap retounen pou 4e édition li, 31 décembre 2026, nan vil Saint-Marc.
Prepare nou pou yon nuit kote mizik pap sispann, kote anbyans lan ap monte san rete, epi kote chak moman ap tounen yon bèl souvni.
DDN 2026, se pa yon senp fèt. Se yon rendez-vous, yon tradisyon, yon eksperyans ki make chak fen ane.
Route Nationale #1 Saint-Marc HT4310 Artibonite Haiti
Show MapAll tickets are nonrefundable. The Pamevent fee is nonrefundable.